bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
MSPP/Laboratoire National de Santé Publique

Teknisyen Elektrisite Rejyonal

MSPP/Laboratoire National de Santé Publique

location_on Sid work Kontra
check_circle Aktif
Salè
Negosyab
Pibliye
07 May 2026
3
Dat limit
15 May
EntwodiksyonNan kad ranfòsman kapasite laboratwa ki nan Gran Nò ak Gran Sid peyi a, li enpòtan pou genyen yon sistèm elektrisite ki stab, serye epi disponib tout tan. Sistèm enèji solè “inverter no-contact” yo deja ensta...

description Deskripsyon Travay la


Entwodiksyon
Nan kad ranfòsman kapasite laboratwa ki nan Gran Nò ak Gran Sid peyi a, li enpòtan pou genyen yon sistèm elektrisite ki stab, serye epi disponib tout tan. Sistèm enèji solè “inverter no-contact” yo deja enstale pou ede laboratwa yo kontinye fonksyone, espesyalman pou ekipman sansib tankou ekipman dyagnostik ak konsèvasyon echantiyon yo.
Pou sa mache byen, sistèm yo bezwen antretyen regilye ak reparasyon rapid lè gen pwoblèm. Se poutèt sa Laboratwa Nasyonal Sante Piblik (LNSP), atravè pwojè Fon Mondyal la, ap chèche rekrite 2 Teknisyen Elektrisite kalifye pou :
  •  Enstalasyon sistèm fotovoltaik yo 
  •  Antretyen prevantif 
  •  Reparasyon sistèm inverter simple/no-contact yo nan rejyon yo 
Objektif jeneral :
Asire sistèm solè yo fonksyone byen epi dire lontan nan laboratwa ki konsène yo.
Objektif espesifik :
  •  Enstale sistèm yo selon estanda teknik yo 
  •  Fè antretyen regilye 
  •  Idantifye ak repare pann elektrik oswa elektwonik 
  •  Garanti elektrisite disponib pou laboratwa yo 
  •  Fòme pèsonèl lokal sou antretyen debaz sistèm yo 
Rezilta yo espere :
  •  Tout sistèm yo ap fonksyone nòmalman 
  •  Pann yo ap rezoud rapid 
  •  Plan antretyen prevantif ap aplike 
  •  Ekipman laboratwa yo pap rete sispann lontan 
  •  Rapò teknik yo ap disponib regilyèman 
Fonksyon yo
Enstalasyon
  •  Enstale panno solè, inverter, batri ak lòt ekipman 
  •  Fè koneksyon elektrik yo selon estanda yo 
  •  Teste sistèm yo avan mete yo an sèvis 
Antretyen prevantif
  •  Verifye regilyèman câblage, batri, inverter ak panno yo 
  •  Netwaye panno solè yo 
  •  Verifye pèfòmans sistèm yo 
  •  Mete ajou fich swivi yo 
Antretyen korektif
  •  Idantifye pann elektrik oswa elektwonik yo 
  •  Repare oswa ranplase pyès ki domaje yo 
  •  Reyaji rapidman lè gen pwoblèm teknik 
Sipò teknik ak rapò
  •  Fòme pèsonèl lokal sou itilizasyon sistèm yo 
  •  Ekri rapò antretyen ak entèvansyon 
  •  Siyale nenpòt pwoblèm oswa bezwen ekipman 
Kalifikasyon obligatwa
Fòmasyon
  •  Diplòm nan elektrisite, elektwoteknik, enèji renouvlab oswa domèn ki gen rapò 
  •  Fòmasyon sou sistèm fotovoltaik se yon gwo avantaj 
Eksperyans
  •  Omwen 2 a 3 ane eksperyans nan : 
    •  Enstalasyon sistèm solè 
    •  Antretyen inverter ak batri 
  •  Eksperyans nan lopital oswa laboratwa se yon avantaj 
Konpetans teknik
  •  Bon konesans sistèm fotovoltaik ak inverter 
  •  Konnen sistèm “no-contact” oswa sistèm modèn otomatik yo 
  •  Kapab li plan elektrik 
  •  Kapab idantifye pann rapidman 
Kalite pèsonèl
  •  Òganize ak serye 
  •  Kapab travay poukont li 
  •  Bon kapasite kominikasyon 
  •  Disponib pou deplase nan rejyon yo 
Kondisyon espesyal
Moun ki deja gen kontra ak yon pwojè Fon Mondyal ann Ayiti oswa fonksyonè Leta k ap touche sou bidjè Leta pa elijib pou pòs sa a.
Kondisyon travay
  •  Travay la baze nan Direksyon Sanitè Sid oswa Nò 
  •  Ap genyen deplasman souvan sou teren 
  •  Gen posibilite pou yo bay transpò, per diem ak zouti travay 
Livrab yo mande :
  •  Plan antretyen prevantif 
  •  Rapò entèvansyon chak mwa 
  •  Rejis ekipman yo 
  •  Rapò fòmasyon pèsonèl 
  •  Rapò misyon ak entèvansyon 
Dosye kandidati dwe genyen
  •  CV detaye 
  •  Lèt motivasyon 
  •  Kopi diplòm ak sètifika yo 
  •  Omwen 2 lèt referans pwofesyonèl 
  •  Sètifika bon vi ak mès 
Kontak
Voye dosye a pandan w ap presize sou anvlòp la oswa nan imèl la zòn travay ou chwazi a (Rejyon Sid oswa Rejyon Nò) anvan vandredi 15 me 2026 a 4:00 PM.

Imèl : lnsp.mspp.recrutement@gmail.com

Oswa depoze li dirèkteman nan adrès sa a :
 Laboratwa Nasyonal Sante Piblik
52, Delmas 33, kwen ri Charbonnière ak Delmas 33

Zòn travay :

Chak teknisyen ap travay nan yon zòn espesifik :
  •  Teknisyen Elektrisite Rejyonal Sid la ap baze nan Direksyon Sanitè Sid epi l ap travay nan depatman : Sid, Sidès (pase pa Petit-Goâve, Grand-Goâve ak Leyogàn), Grandans ak Nip. 
  •  Teknisyen Elektrisite Rejyonal Nò a ap baze nan Direksyon Sanitè Nò epi l ap travay nan depatman : Nò, Nòdès, Sant, Latibonit ak Nòdwès. 
Pral gen deplasman souvan nan laboratwa ki nan diferan rejyon yo.
Dire kontra :
7 mwa, soti 1e jen rive 31 desanm 2026, avèk posibilite renouvèlman selon pèfòmans ak disponiblite finansman.
Kantite pòs : 2

Nòt : Dosye ki pa konplè pap konsidere. Se sèlman kandida ki seleksyone yo y ap kontakte.