bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Prive

Responsab Teknik ak Lojistik

Prive

location_on Lwès work Kontra
check_circle Aktif
Salè
Negosyab
Pibliye
07 May 2026
5
Dat limit
26 May
 EntwodiksyonProduits des Iles S.A. (PISA) se yon antrepriz agro-endistriyèl ki fè pati Gwoup REBO. Li konsantre sou transfòmasyon ak komèsyalizasyon pwodwi bon jan kalite ki soti nan tèritwa ayisyen an pou mache lo...

description Deskripsyon Travay la


 
Entwodiksyon
Produits des Iles S.A. (PISA) se yon antrepriz agro-endistriyèl ki fè pati Gwoup REBO. Li konsantre sou transfòmasyon ak komèsyalizasyon pwodwi bon jan kalite ki soti nan tèritwa ayisyen an pou mache lokal ak entènasyonal.
Responsab Teknik ak Lojistik la travay anba Direksyon Jeneral la. Li gen pou misyon asire bon fonksyònman, pèfòmans, fyabilite ak optimize ekipman yo, enfrastrikti yo ak operasyon lojistik konpayi an.
Li garanti kontinwite operasyon teknik yo, bon jesyon resous imen ak materyèl yo, ansanm ak efikasite chèn lojistik la, pandan li respekte estanda kalite, sekirite ak pri.
Fonksyon
1. Responsablite teknik
  •  Sipèvize enstalasyon, antretyen ak reparasyon ekipman ak enfrastrikti yo 
  •  Asire machin, veyikil ak zouti teknik yo toujou disponib ak ap mache byen 
  •  Planifye epi aplike pwogram antretyen prevantif ak korektif 
  •  Fè dyagnostik pann yo epi pwopoze solisyon 
  •  Jere entèvansyon teknik (entèn ak ekstèn) 
  •  Asire enstalasyon yo respekte nòm ki egziste yo 
  •  Siveye sekirite, kalite ak règleman yo 
  •  Swiv eta ekipman yo epi pwopoze ranplasman si nesesè 
  •  Jere ijans teknik 
  •  Fè antretyen ak reparasyon machin oswa ekipman endistriyèl 
  •  Enstale ak sipèvize nouvo ekipman yo 
  •  Prepare rapò teknik regilye pou siperyè li 
2. Responsablite lojistik
  •  Òganize ak sipèvize operasyon apwovizyonman yo 
  •  Jere stok (swivi, envantè, optimize nivo yo) 
  •  Planifye transpò ak livrezon machandiz yo 
  •  Kowòdone ekspedisyon ak distribisyon yo 
  •  Optimize depans lojistik yo 
  •  Mete an plas pwosedi lojistik efikas 
  •  Òganize transpò machandiz yo 
  •  Mete sistèm swivi lojistik 
  •  Negosye ak founisè yo (materyèl, gaz, elatriye) 
  •  Optimize chèn distribisyon yo 
  •  Itilize zouti swivi lojistik 
3. Jesyon resous imen ak administratif
  •  Sipèvize ekip teknik ak lojistik yo 
  •  Distribye travay epi swiv pèfòmans ekip yo 
  •  Fòme pèsonèl sou pwosedi teknik ak lojistik 
  •  Jere relasyon ak founisè ak patnè sèvis yo 
  •  Patisipe nan rekritman pèsonèl teknik si nesesè 
  •  Prepare epi swiv bidjè teknik ak lojistik yo 
  •  Ekri rapò aktivite teknik ak lojistik 
  •  Swiv kontra antretyen yo 
  •  Jere pak veyikil konpayi an 
  •  Asire distribisyon salè ekip la 
Kalifikasyon ki nesesè
  •  Diplòm inivèsite nan Jeni Endistriyèl, Jeni Mekanik oswa Jesyon Operasyon 
  •  Omwen 5 an eksperyans nan yon pòs ki sanble 
  •  Bon kapasite òganizasyon 
  •  Bon relasyon entèpèsonèl 
  •  Bon kapasite pou jere ekip 
  •  Kapasite negosyasyon 
  •  Bon kominikasyon an franse ak kreyòl (espanyòl oswa angle se yon avantaj) 
  •  Bon itilizasyon MS Office 
  •  Konesans ACCPAC se yon avantaj 
  •  Kapasite travay anba presyon 
  •  Kapasite rezoud konfli 
  •  Fleksibilite 
Kondisyon travay
  •  Lendi rive vandredi: 7h30 am – 4h pm 
  •  Samdi: 8h30 am – 12h30 pm 
  •  Travay la fèt an prezans (prezans obligatwa) 
Dosye kandida dwe genyen
  1.  Lèt motivasyon 
  2.  Kopi sètifika ak diplòm yo 
  3.  2 lèt referans pwofesyonèl (sipèvizè aktyèl oswa ansyen) 
  4.  Sètifika bon vi ak mès ki resan (DCPJ) 
Kontak
📧 rhrecrutement1970@gmail.com
Vil :Tabarre
Zòn: Pak endistriyèl, Fleuriot