bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Concern Worldwide Ayiti

Chaje Pwoteksyon Senior

Concern Worldwide Ayiti

location_on Lwès work Kontra
schedule Ekspire
Salè
Negosyab
Pibliye
01 May 2026
16
Dat limit
04 May
EntwodiksyonConcern Worldwide se yon ONG imanitè entènasyonal ki baze nan Iland, ki dedye a diminye soufrans epi elimine pòvrete ekstrèm nan peyi ki pi pòv nan mond lan.Concern ap pèmèt popilasyon nan peyi devlope yo fè...

description Deskripsyon Travay la

Entwodiksyon
Concern Worldwide se yon ONG imanitè entènasyonal ki baze nan Iland, ki dedye a diminye soufrans epi elimine pòvrete ekstrèm nan peyi ki pi pòv nan mond lan.
Concern ap pèmèt popilasyon nan peyi devlope yo fè gwo pwogrè nan lavi yo, san yo pa bezwen sipò kontinyèl Concern.
Li prezan an Ayiti depi novanm 1994. Nan kòmansman li te konsantre sou repons ijans pou katastwòf natirèl, epi piti piti li elaji entèvansyon li nan domèn rezilyans.
Jodi a, Concern an Ayiti ap aplike pwojè imanitè ak devlopman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens ak depatman Sant.
Concern bay tout moun menm chans pou travay; fanm yo ankouraje pou aplike. Moun ki gen andikap (fizik, sansoryèl, entelektyèl, psikik oswa mantal) ankouraje tou pou aplike nan kad angajman pou divèsite, ekite ak enklizyon.
Wòl prensipal :
Nan domèn Pwoteksyon transvèsal, apwòch Concern  garanti tout patisipan nan pwogram yo (timoun, granmoun vilnerab, gwoup minoritè) pwoteje kont eksplwatasyon, arasman oswa abi.
Tout anplwaye ak patnè gen responsablite sa a, men Chajè Pwoteksyon an gen yon wòl esansyèl pou asire angajman sa a respekte epi tout pwojè yo fèt nan fason ki pi sekirize posib.
Lap mete an aplikasyon aktivite pwoteksyon nan pwojè ijans, espesyalman “Manje byen lespri ak kò djanm” ak OCHA-US.
Li travay ak timoun, adolesan, jèn ak granmoun. Aktivite yo gen ladan jesyon ka ak prevansyon.
Travay ak responsablite prensipal :
Aplikasyon aktivite pwoteksyon :
  1. 1. Fè vizit regilye nan kominote yo 
  2. 2. Bay sipò teknik a ekip teren an 
  3. 3. Òganize sansibilizasyon sou pwoteksyon, dwa timoun, dwa fanm, egalite sèks, enklizyon 
  4.  4.Idantifye patenarya ak lòt òganizasyon pwoteksyon 
  5. 5. Mete ajou kat aktè pwoteksyon yo 
  6. 6. Swiv aktivite pwoteksyon ak repons VBG/VSBG 
  7. 7. Asire swivi ka yo ak fanmi viktim yo 
  8. 8. Asire tout aktivite konfòm ak règleman Concern 
  9.  9.Asire pwoteksyon transvèsal nan tout pwogram yo 
Analiz risk ak mezi pwoteksyon :
  •  1.Idantifye ak analize risk pwoteksyon 
  •  2.Kolekte ak analize done pwoteksyon yo 
  • 3. Mete ajou analiz sitiyasyon pwoteksyon 
  •  4.Pataje done ak kowòdonatè pwogram yo 
Sèvis pwoteksyon :
  •  1.Mete ajou kat sèvis pwoteksyon yo 
  • 2. Mete ajou sistèm referans timoun yo 
  •  3.Jere ka VBG selon prensip santre sou viktim 
  •  4.Asire kominote yo konprann sistèm referans la 
  • 5. Sipòte jesyon ka konplè si sa nesesè 
Fòmasyon ak espas sekirite :
  •  1.Adapte zouti fòmasyon ak sansibilizasyon 
  •  2.Òganize fòmasyon pou jèn sou lidèchip ak chanjman 
  • 3. Mete sou pye “Espas Sekirite” pou jèn ak fanm 
  •  4.Ankouraje dyalòg, lapè ak rediksyon vyolans 
Rapò ak planifikasyon :
  •  1.Prepare rapò analiz pwoteksyon 
  •  2.Fè rapò chak mwa 
  •  3.Sipòte rapò donatè yo 
  •  4.Kolekte etid ka 
  • 5. Planifye acha ak lojistik 
  •  6.Jere materyèl ak ekipman yo 
Jesyon resous imen :
  •  1.Sipèvize yon Chajè Pwoteksyon ak 3 ajan teren 
  •  2.Patisipe nan rekritman, fòmasyon, evalyasyon 
  •  3.Fè swivi pèfòmans 
  • 4. Fè vizit teren regilye 
  • 5. Òganize reyinyon ekip 
Siveyans ak evalyasyon :
  •  1.Pataje rezilta evalyasyon teren 
  • 2. Asire patnè yo respekte valè Concern 
  •  3.Jere zouti jesyon enfòmasyon 
  •  4.Devlope sistèm swivi ak evalyasyon 
  •  5.Kolekte done (Baseline, Midline, Endline) 
  •  6.Analize ak pataje done yo 

Kalifikasyon obligatwa :
  •  1.Diplòm inivèsite nan Syans Imen/Sosyal (Sikoloji, Travay Sosyal, Dwa) 
  •  2.Omwen 3 ane eksperyans nan pwoteksyon 
  •  3.Eksperyans nan VBG oswa pwoteksyon timoun 
  • 4. Eksperyans nan ONG 
  •  5.Eksperyans nan jesyon pwojè 
  • 6. Konesans planifikasyon, swivi ak evalyasyon 
  • 7. Bon redaksyon rapò 
  • 8. Konesans metòd patisipatif 
  • 9. Konprann moun vilnerab 
  •  10.Bon konesans donatè entènasyonal (ONU, UE, ECHO, elatriye) 
  • 11. Kapasite travay anba presyon 
  • 12. Bon itilizasyon òdinatè (Excel, Word, PowerPoint) 
  • 13. Bon kominikasyon ak travay ekip 
  • 14. Kapasite travay nan anviwònman miltikiltirèl 
  • 15. Bon òganizasyon ak planifikasyon 
Kondisyon patikilye :
  •  1.Oto-jesyon 
  • 2. Lidèchip 
  • 3. Kominikasyon ak travay ekip 
  • 4. Reyalizasyon rezilta 
  •  5.Planifikasyon ak desizyon 
  •  6.Kreyativite 
  • 7. Enfliyans ak rezo 
Dosye aplikasyon dwe genyen :
  • 1. Lèt motivasyon 
  •  2.CV (max 4 paj) ak referans 
  • 3. Kopi NIF 
  • 4. Kopi pyès idantite 
  • 5. (Opsyonèl) Sètifika moral DCPJ 
 Zòn
Pòs la baze nan Pòtoprens, ak posiblite deplasman nan zòn entèvansyon pwojè Concern yo

Kontak :
📧 recruitment.haiti@concern.net

 Sijè imèl: PROG/CPS/2404/2026 +Non konplè ou

Lòt nòt :
  •  Fanm yo ankouraje anpil pou aplike 
  •  Moun ki gen andikap ankouraje pou aplike 
  •  Se sèlman dosye konplè ki ap konsidere 
  •  Pwosesis rekritman ka fini avan dat limit 
  •  Concern pa janm mande lajan nan rekritman 
  •  Tout kandida dwe respekte kòd konduit ak règleman ONG la 
  •  Tès ak verifikasyon obligatwa (tankou dosye kriminèl)