bolt Premye platfòm travay an Kreyòl
Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL)

Espesyalis Done ak Teknoloji

Sustainable Organic Integrated Livelihoods (SOIL)

location_on work Kontra
check_circle Aktif
Salè
Negosyab
Pibliye
11 Mar 2026
30
Dat limit
30 Mar
SOIL se yon Òganizasyon San Gouvènman (ONG) ki fonde ann Ayiti an 2006. Misyon li se ogmante aksè ak yon modèl sanitasyon ki pozitif pou klima, ki amelyore lasante piblik, ogmante sekirite alimantè, kreye devlopman ekono...

description Deskripsyon Travay la

SOIL se yon Òganizasyon San Gouvènman (ONG) ki fonde ann Ayiti an 2006. Misyon li se ogmante aksè ak yon modèl sanitasyon ki pozitif pou klima, ki amelyore lasante piblik, ogmante sekirite alimantè, kreye devlopman ekonomik, epi ranfòse rezilyans ekolojik.
Kounye a, plis pase 4 100 fanmi nan Depatman Nò a benefisye sèvis sanitasyon lakay SOIL la, ki konekte ak yon sistèm tretman ak transfòmasyon. SOIL vize rive sèvi plis pase 8 000 fanmi nan pwochen ane yo.
Ekip SOIL la gen plis pase 60 pwofesyonèl nan domèn tankou:
  • Biznis sosyal
  • Ekoloji
  • Sanitasyon
  • Lasante piblik
  • Agrikilti
  • Finans
  • Relasyon kominotè
  • Maketing, elatriye
Pou plis enfòmasyon: www.oursoil.org

TRAVAY AK NOU
SOIL ap chèche yon Manadjè IT ki kapab rantre rapidman nan ekip la pou sipòte devlopman ak egzekisyon estrateji teknoloji òganizasyon an.

FONKSYON & RESPONSABLITE
Manadjè IT la pral:
  • Dirije, planifye, ak jere estrateji enfòmatik SOIL la.
  • Travay dirèkteman ak COO a.
  • Sipèvize 2 lòt manm ekip IT yo.
  • Jwe yon wòl kle nan rekonstriksyon ekip IT a.
Manadjè IT la dwe yon lidè ki gen eksperyans nan:
  • Jesyon chanjman
  • Kreye ak devlope ekip
  • Fòme yon kilti valorizasyon done
  • Jesyon sèvis ak pwojè
  • Pòte inovasyon nan òganizasyon an
Li dwe pote yon vizyon ki ajou sou nouvo teknolojii ki ka amelyore operasyon SOIL.

Tach prensipal yo
• Devlope yon estrateji teknoloji konplè ki ann amoni ak plan estratejik SOIL.
 • Jere tout enfrastrikti teknolojik òganizasyon an (sistèm, rezo, ekipman).
 • Fè antretyen regilye sou sistèm yo, pwogram yo, ak aplikasyon yo.
 • Planifye, egzekite, ak aplike tout pwojè teknoloji yo.
 • Jere acha materyèl teknolojik yo selon bezwen estratejik SOIL.
 • Jere platfòm koleksyon done yo (Taroworks) ak CRM la (Salesforce).
 • Devlope epi jere tablo de kontwòl (dashboards) nan Metabase, ak zouti ki konekte avè l (dbt, Fivetran, BigQuery).
 • Kolabore ak Direksyon Operasyonèl la pou idantifye priyorite teknoloji yo.
 • Devlope estrateji pou diminye risk IT yo.
 • Rete ajou ak evolisyon teknoloji yo pou amelyore sistèm SOIL yo.
 • Kreye ak aplike pwotokòl ekri pou tout pwosesis IT yo.
 • Sipòte lidèchip SOIL la nan devlopman yon kilti pozitif kote done se yon valè kle.
 • Jere relasyon ak tout founisè sèvis oswa zouti teknoloji ekstèn yo.
 • Jere bidjè IT la pandan òganizasyon an ap grandi, ak objektif pou redui depans nan mwayen ak long tèm.
 • Epi tout lòt tach sipèvizè a mande e ou dakò ak yo.

KALIFIKASYON OBLIGATWA
• Omwen 3 ane eksperyans kòm pwofesyonèl IT ak rezilta pwouve.
• Omwen 2 ane eksperyans nan sipèvize ekip.
• Eksperyans nan koleksyon, analiz, ak entegrasyon done nan anviwònman ki difisil.
• Bon konesans sou sistèm enfòmatik ak enfrastrikti IT.
• Eksperyans ak SQL, R, oswa lòt zouti analiz done ki sanble.
• Eksperyans solid nan jesyon pwojè (analiz bezwen, planifikasyon, aplikasyon).
• Bon kapasite kominikasyon ak ekip diferan (operasyon, vant, direksyon).
• Kapasite pou bati bon relasyon pwofesyonèl ak ekip entèn ak ekstèn.
• Konpreyansyon sou bezwen teknik òganizasyon san gouvènman (ONG).
• Eksperyans kòm administratè Salesforce.
• Kapasite pou li, ekri, epi pale Kreyòl Ayisyen ak Anglè.

DOSYE POU SOUMÈT
Voye aplikasyon w pa imel nan jobs@oursoil.org
Objè imel la dwe ekri: “SOIL Manadje IT”
Dokiman yo dwe an Kreyòl, Anglè oswa Fransè, epi dwe gen selman 3 eleman sa yo:
  1. Lèt Motivasyon (ki eksplike enterè w ak kalifikasyon w pou pòs la)
  2. CV
  3. Enfòmasyon kontak pou 3 referans pwofesyonèl
    (Nap kontakte yo sèlman apre nou fin enfòme ou.)
Nòt:
  • Aplikasyon ki pa gen 3 dokiman sa yo pap konsidere.
  • Tanpri pa voye lòt sètifika oswa dokiman nou pa mande yo.

KONTAK
Voye aplikasyon w pa imel: jobs@oursoil.org
Objè : “SOIL Manadje IT”

Nòt espesyal:
Nou ankouraje fanm yo aplike pou pòs sa a!